Online Library TheLib.net » Ann Pale Potigè: Feyè kreyòl ayisyen - potigè. Ak kèk enfòmasyon ki kapab itil ou pou Brezil = Apostila Crioulo Haitiano - Português. Com algumas informações prácticas sobre o Brasil
cover of the book Ann Pale Potigè: Feyè kreyòl ayisyen - potigè. Ak kèk enfòmasyon ki kapab itil ou pou Brezil = Apostila Crioulo Haitiano - Português. Com algumas informações prácticas sobre o Brasil

Ebook: Ann Pale Potigè: Feyè kreyòl ayisyen - potigè. Ak kèk enfòmasyon ki kapab itil ou pou Brezil = Apostila Crioulo Haitiano - Português. Com algumas informações prácticas sobre o Brasil

00
28.01.2024
0
0
Date: 2012
Pages: 21
Target language: Haitian Creole
Source languages: Portuguese
Lan anpil peyi sou latè, men sitou lan kèk peyi ki lan Afrik delwès, lan kèk zile ki lan Oseyan endyen, lan prèske tout zile ki lan Karayib la, avèk lan kèk peyi ki lan zòn Pasifik sid, plizyè milyon moun pale yon seri lang yo rele pidjin ak kreyòl. Lang sa yo se lang ki soti lan kontak avèk lòt lang. Dapre definisyon klasik lengwis ki te etidye lang sa yo bay, pidjin se lang ki devlope lan komès osnon lan lòt sitiyasyon kontak, kote diferan gwoup moun ki rankontre pa pale menm lang. Akoz de sa, yo oblije kreye yon fason nèf pou yo kominike. Kreyòl yo menm se ta pidjin ki vin ogmante estrikti lengwistik yo, epi detire fason moun itlize yo. Lè sa a, yo vin tounen lang natif natal yon kominote lengwistik. Se kolonizasyon peyi Ewòp yo te kòmanse lan 17e syèk, ki fè lang kreyòl moun pale lan zile Karayib yo parèt. Kolonizasyon sa a te mache avèk yon komès esklav, kote Ewopeyen yo te al fè dappiyan sou plizyè milyon Afriken ann Afrik epi anbake yo sou gwo bato ak chenn lan pye yo pou y al travay kòm esklav lan jaden kann lan zile Karayib yo. Frans, Espay, Angletè, Pòtigal, Peyiba, te pi gwo peyi ewopeyen ki te antre lan komès esklav e ki tap fè kolonizasyon tou.
Download the book Ann Pale Potigè: Feyè kreyòl ayisyen - potigè. Ak kèk enfòmasyon ki kapab itil ou pou Brezil = Apostila Crioulo Haitiano - Português. Com algumas informações prácticas sobre o Brasil for free or read online
Read Download
Continue reading on any device:
QR code
Last viewed books
Related books
Comments (0)
reload, if the code cannot be seen